Smoking Vehicle Creole
 

Ki sa k pa sa nan foto sa a?

-- pdf version in English, Spanish & Creole

HKonbe fwa w ap kondi epi se dèyè yon machin k ap bay lafimen ou ye? Ou monte vit machin ou, ou fèmen kote van antre nan machin nan, malgre sa ou pran odè lafimen an! Pou amelyore sitiyasyon sa a, biwo ki okipe zafè kalite lè moun ap respire a ”Broward County Department of Planning and Environmental Protection’s Air Quality Division” kreye yon pwogram pou machin k ap bay lafimen. Se yon pwogram kote nenpòt moun kapab rele pou fè konnen yo wè yon machin k ap bay lafimen. Youn nan rezon ki fè nou gen pwogram sa a se pou mete tout moun okouran sou sa lafimen k ap soti nan machin ka lakòz epi kouman nou kapab ede rezoud pwoblèm sa a.

Èske ou okouran sou enfòmasyon sa yo. . .

Nan Broward County 50% nan polisyon ki ale nan lè n ap respire a, se machin ak kamyon ki bay yo.
Gen apeprè 1.8 milya machin, kamyon, otobis ak lòt otomobil ki anrejistre nan Broward County. Sa vle di gen plis pase yon machin pou chak moun ki abite nan Broward.
Yon machin nòmal pwodui plis pase 600 liv lè ki polye pa ane.
Se dis pou san (10%) nan machin yo ki lakòz 50% nan polisyon an.

Machin ki bay lafimen pa bon pou sante nou:

Se yon pakèt ti moso fatra tou piti ki nan lafimen ki soti nan mòflè machin nan, ti moso fatra sa yo kab al chita nan poumon ou. Dapre rechèch yo fèk fè, yo dekouvri ti moso fatra tou piti sa yo anfizema ki lakòz maladi moun pran nan sistèm respirasyon yo, maladi tankou opresyon ak anfesima. Gen kèk fatra ki soti nan lafimen machin yo konnen oubyen yo sispèk ki kapab lakòz moun gen kansè tou.

Li ilegal pou moun kondi machin k ap bay lafimen epi sa ka koute lajan?

Yon moun ki gen yon machin k ap bay lafimen kab pran kontravansyon nan men yon Ofisye ki travay nan sant resous natirèl ki nan depatman planifikasyon ak pwoteksyon anviwonman nan Broward County. Si mèt machin nan pa ranje pwoblèm lafimen an nan 30 jou, li ka oblije peye amann ki ka rive jis ka $200. Nenpòt polisye nan Eta Florid la kapab bay nenpòt moun k ap kondi yon machin k ap bay lafimen kontravansyon.
Yon machin k ap bay lafimen se lajan nan pòch ou l ap boule! Yon machin k ap bay lafimen ap boule plis gazolin ak luil epi plis ou kondi l kon sa san ou pa repare l, se motè machin nan k ap kraze. Sa vle di w ap depanse plis lajan nan reparasyon pi devan.

Ki sa ou ka fè si machin ou ap bay lafimen?

Mennen machin nan nan yon garaj ki gen mekanisyen ki lisansye epi ki resevwa fòmasyon pou sèvi ak nouvo teknoloji pou afè kontwòl lafimen machin.
Eseye pran otobis – Telefone Biwo transpò nan Broward County (BCT) nan 954-357-8400.
Eseye pran tren – Telefone 1-800-874-7245.
Lè ou pral lekòl, oswa ou pral travay oswa ou pral pran plezi w yon kote, mande yon moun woulib.
Telefone 1-800-234-7433 si ou gen machin epi ou vle al nan travay ak yon gwoup moun kote chak moun pran tou pa yo pou yo kondi tout moun.
Sèvi ak bekàn ou, mache oubyen sèvi ak paten a woulèt ou nenpòt lè ou kapab lot.

Men ki jan pou nou pote plent pou machin nou wè k ap bay lafimen:

Tanpri telefone nan nimewo telefòn espesyal sa-a, ki la pou pote plent la nan 954-519-1499, oubyen al sou entènèt la epi ranpli yon fòm pou pote plent pou yon machin ou wè k ap bay anpil lafimen. Ou kapab fè sa 24 sou 24 nan sit wèb sa a: https://bcegov3.broward.org/environmental/smokingvehicle.aspx. Nou pa bezwen non ou, se enfòmasyon ki make la yo sèlman nou bezwen.

Nimewo plak machin k ap bay lafimen an
Mak machin nan, modèl la ak koulè a
Ki dat ak ki lè ou te wè machin nan
Nan ki vil ou te wè machin nan epi nan ki zòn li te ye (men yon egzanp: machin nan te sou I-95 li ta prale nan direksyon Nò bò Oakland Park Blvd., nan Fort Lauderdale)

Telefone nimewo sa-a, si nou wè yon machin k ap bay anpil lafimen!

954-519-1499

 

English Version
Spanish Version
​​