Global warming in Creole

10 bagay ki pi enpòtan ou kapab fè pou evite Rechòfman Global:

10. Plante plant ak pyebwa peyi epi ki pa pè sechrès, toutotou kay-ou epi andeyò inite ki gen è kondisyone-a.

9. Sèvi ak yon tondez elektrik oswa ki mache lè ou pouse-li olye pou ou sèvi ak yon tondez ki mande gazolin, pou tonn gazon-ou.

8. Ranplase aparèy menaje ou genyen lakay-ou (refrijeratè, machin a lave, lav-vesèl) ak modèl ki pi efikas.

7. Achte manje ak lòt pwodwi ki nan anbalaj ou kapab itilize ankò oswa resikle olye ou achte sa ki pa kapab resikle-yo.

6. Ranplase anpoul ki enkandesan avèk anpoul konpak ki fliyoresan.

5. Enstale yon sistèm chofaj solè pou jwenn dlo cho lakay-ou.

4. Resikle jounal, katon, vè ak metal w’ap jete nan fatra lakay-ou.

3. Kite machin-ou lakay (mache, monte bisiklèt oswa pran yon bis).

2. Izole kay-ou, netwaye filtè è kondisyone-ou epi enstale tèt douch ki ekonomize enèji.

E pi gwo bagay ou kapab fè pou evite Rechòfman Global se...

1. Achte yon machin ki pa sèvi ak twòp gaz (32 mpg oswa pi plis) pou ranplase machin ou sèvi pi plis avèk li-a.

Rechòfman Global: Kisa li ye epi kisa ou kapab fè   

Selon Ajans Pwoteksyon Anviwònman Lèzetazini (U.S. Environmental Protection Agency), "Rechòfman Global" se yon ogmantasyon mwayèn tanperati atomosfè-a toupre sifas latè-a, sa ki gen dwa akselere chanjman nan klima global-la.

Lakòz Rechòfman Global se yon ogmantasyon "gaz efè desè" yo nan atmosfè-a.

Gaz efè desè-yo (vapè dlo, ozòn, diyoksid kabòn, metàn, oksid nitre, ak klowofliyokabòn) nan atmosfè-a natirèlman, men kantite-yo ap ogmante poutèt kwasans popilasyon-yo ak aktivite lèzòm tankou boule gaz avèk deforestasyon.

Daprè done NOAA ak NASA, tanperati mwayèn sifas latè-a sòti apeprè 1.2 rive 1.4ºF depi 1900. Tanperati ki pi cho nan dosye-a se te pandan 15 ane ki sòt pase-la yo. Ane kote li te pi cho-yo se te 1998 ak 2005. Pifò rechòfman-an nan ane ki sòt pase-yo gen pou kòz aktivite lèzòm. Lòt aspè klima-a ap chanje tou tankou jan lapli tonbe, lanèj ak glas, epitou nivo lanmè-a.

Poutèt Laflorid pa twò wo epi li gen anpil bòdme, li an danje lè dlo lanmè-a monte. 

Ou gen dwa ede-nou evite plis rechòfman global!             

Achte pwodwi ki pa gaspiye enèji.

Konsève enèji lakay-ou epi nan travay-ou.

Plante pyebwa.

Redwi, resèvi epi resikle.

Pran desizyon plen sajès sou keksyon transpò-ou.

Pou plis enfòmasyon,vizite sit entènèt Ajans Pwoteksyon Anviwònman-an sou rechòfman global.