Byenvini nan Divizyon Kalite Lè a
Adrès Postal:
115 S. Andrews Avenue, Room A-240
Fort Lauderdale, FL 33301
Nimewo Prensipal la:954-519-1220
i-mèl nou
Konte Broward la sitiye nan “Airshed” Sidès Laflorid Ajans Pwoteksyon Anviwònman Lèzetazini (United States Environmental Protection Agency oswa USEPA) deziyen an; li gen ladan Konte Miami Dade, Palm Beach ak Broward. Politan lè ki bay plis enkyetid nan “airshed” la se ozòn. Kalite lè Konte Broward la klase pami pi bon yo nan Endèks Kalite Lè a pou plis pase 90% ane a. Pi gwo sous polisyon lè “airshed” la se lafimen machin. Youn nan misyon nou se edike rezidan konte Broward yo sou enpòtans bon kalite lè a ak sa yo kapab fè pou edenou kenbe lè a pwòp.
Divizyon Kalite Lè a (Air Quality Division) fè moun respekte règleman federal deta ak lokal sou zafè polisyon lè a atravè lisans ak aktivite respè epitou pwomosyon prevansyon polisyon. Nou responsab fonksyònman ak antretyen yon rezo konplè estasyon pou siveye kalite lè a nan tout Konte Broward pou verifye yo respekte estanda federal polisyon lè yo. Estaf nou an patisipe tou nan aktivite pou planifye itilizasyon tè lokal nou yo epi enfòme piblik la sou enpòtans lòt mwayen transpò yo kapab itilize pou pwoteje kalite lè a.
Lè se yon resous natirèl enpòtan nou souzestime souvan. Youn nan bi pi enpòtan nou yo se edike rezidan Konte Broward sou sa yo ka fè pou amelyore kalite lè a.
|