División Cultural

Divizyon Kiltirèl Komisyon Konte Broward-la ap amelyore anviwònman kiltirèl Konte Broward-la atravè devlòpman la. Plis pase 1,7 milyon rezidan, 9 milyon vizitè, 10.000 atis, 450 òganizasyon ki pa gen bi pou yo fè lajan ak 31 minisipalite ap benefisye sèvis, asistans teknik ak finansman atravè Divizyon Kiltirèl Broward-la.

 

Divizyon-an se yon enstriman pou sipò la ki gen klas mondyal ak sant kiltirèl, epitou evenman bon kalite k’ap amelyore estil vi-a nan Broward ak nan Eta Laflorid-la.  Mize Da-a | Fort Lauderdale se youn nan kat vil Lèzetazini (Los Ángeles, Philadelphia, Chicago) k’ap akeyi King Tutankhamen and the Golden Age of the Pharaohs an 2005.  Museum of Discovery and Science and Blockbuster IMAX® Theater [Mize Dekouvèt ak Syans avèk Sinema Blockbuster] se mize ke plis moun vizite nan eta-a; li resevwa plis pase 500.000 vizitè chak ane. Florida Grand Opera [Gran opera Laflorid-la] se 12yèm pi gran konpayi opera Ozetazini.  Broward Center for the Performing Arts [Sant Broward pou Espektak-la] se kay tout gran gwoup espektak ak cho Broadway ki an toune. Greater Fort Lauderdale Film Festival [Festival Fim Fort-Lauderdale-la]– sa ki pi long nan monn-nan – prezante plis pase 150 fim chak ane, ki soti nan 39 peyi; li atire moun ki pran desizyon nan endistri sinema-a pou yo kapab retounen epi itilize talan ak sit lokal-yo.

 

Divizyon-an ap fè efò pou kenbe piblik-la enfòme sou tout evènman kiltirèl, atelye ak sèvis ki genyen, ak fon ki disponib. Yon sèvis gratis Komisyon Konte Broward-la, magazin sou la Cultural Quarterly-a, ap ofri atik an pwofondè sou sèn lokal-kiltirèl-la, pwofil atis esepsyonèl ak lis detaye evènman ak atraksyon. Sit Entènèt Divizyon-an www.broward.org/arts, ofri vizitè-yo yon tou konplè 2oo pwojè La Piblik ak Konsepsyon, yon gid kote ou kapab fè rechèch ak yon kalandriye evènman, yon sit pou ede òganizasyon kiltirèl-yo jere sibvansyon konte-a, nouvèl kiltirèl-yo, enfòmasyon ak anpil lòt bagay. Liy La 24/24-la, 800-249-ARTS, se yon kalandriye ak meni ke yo revize chak semèn.

 

Ak visión ke Plan Kiltirèl Kominotè-2010 ofri-a (ou kapab jwenn-li sou Entènèt), División Kiltirèl Broward-la toujou ap fè efò pou amelyore sèvis-li yo atravè reyaksyon kominote-a ak atis rezidan-li yo. Poutèt sa, División-an envite-nou pou nou ofri kontribisyon nan County Cultural Forums [Fowòm Kiltirèl Konte-a] ak Cultural Diversity Artists Workshops [Atelye pou Atis Divèsite Kiltirèl].

 

Ak sipò Downtown Fort Lauderdale Riverwalk Arts and Entertainment District [Distrik La ak Divètisman Fort-Lauderdale-la] , endistri kreyatif Broward-la gen 4000 biznis ki gen pou wè ak la, ki anplwaye plis pase 19.000 moun. Ansanm ak patnè VisionBROWARD-yo, Divizyon Kiltirèl-la ap kontinye konsantre sou mizanplas estrateji k’ap pote inovasyon epi ki pwal relye endistri kreyatif-yo ak ekonomi fiti-a,  ki baze sou enfòmasyon, epi ki pwal mennen-yo ladann.

Sant Enfòmasyon Kiltirèl-la [Cultural Information Center], se yon magazen kote ou jwenn tout bagay, k’ap fè pwomosyon la, ki sitiye nan premye etaj Bibliyotèk Prensipal Konte Broward-la [Broward County Main Library]. Pale ak Konsyèj Kiltirèl volontè-yo, esplore gran envantè machandiz kiltirèl-la, liv, videyo, CD, oswa achte tikè mwatye-pri pou menm jou-a. Pran asansè-a pou al nan sizyèm etaj-la nan gallery six oswa nan 2yèm etaj-la, nan magazen kado ArtServe Gallery-a, k’ap prezante travay atis lokal.

Pwogram Public Art and Design-nan [La ak Konsepsyon Piblik], k’ap selebre 30 an an 2006, te kòmanse ak misyon pou li anbeli kominote-a ak moniman atistik ki t’ap antretni fyèye piblik. Public Art and Design reflete devouman konte-a nan amelyorasyon anviwònman lavil-la atravè travay atistik ke li kòmande, ki kreye yon santiman apatenans, ki amelyore anviwònman vizyèl-la epi ki pwomouvwa misyon ajans konte-a.  Ou jwenn la piblik-la nan tout konte-a: nan ayewopò, nan pò,  sou otowout, nan bibliyotèk, nan pak ak nan lòt enstalasyon konte-a.

        

Clyde Butcher – Conservation Area # 2-1, Gary Moore – Harrambe Room
Jody Pinto – Light Cylinders, Beth Ravitz –
Animal Garden

Seksyon Public Art and Design-nan administre yon mwayèn 89 pwojè atistik pa ane, ki enkli 24 pwojè konsèvasyon. Jodi-a, sitwayen Konte Broward-la posede èv da piblik ki ogmante pou yon valè plis pase $13 milyon.

Pandan ane 2000-la, kòm yon pati nan yon Park Bond Referendum $400 milyon, pwogram Public Art and Design-nan te resevwa finansman pou kreye yon estrateji global pou Pak Konte Broward-yo. Yo te chwazi atis anviwònmantal Lorna Jordan-nan ak ekip konsepsyon-li a. Pwojè Park Bond Master Plan Jordan-nan, Theatre of Regeneration: Towards an aesthetic of layers, loops and lenses,  te resevwa yon pri Panifikasyon Sit [Place Planning] nan men Environmental Design Research Association [Asosyasyon Rechèch sou Konsepsyon Anviwòmantal] an mwadme 2004.

Yo te mete aksan sou kat nan pwojè la piblik konte-a, nan yon bèl liv ostralyen tout koulè, an papye glase, Designing the World’s Best Public Art, nan yon gwoup entènasyonal ki konte sa ki pi bon nan monn-nan.

Pwogram Asistans Teknik ak Finansye
Ekip sibvansyon-an ap kannalize  sipò finansye bay atis lokal ak òganizasyon ki pa gen bi pou yo fè lajan ki nan Konte Broward-la. Atravè yon seri atelye ak seminè, yo gide aplikan-yo nan pwosesis-la pou ede-yo jwenn aksè ak fon-sa yo epi byen administre yon konpayi ki pa gen bi pou li fè lajan. Divizyon Kiltirèl-la distribye $4 milyon chak ane atravè 10 pwogram sibvansyon k’ap fasilite plis pase 100 sibvansyon ak bous pou atis.

Pèsonèl Arts Education [Edikasyon sou La] Divizyon Kiltirèl-la ap travay pou enkli pwogramasyon ke atis ak òganizasyon kiltirèl fè nan lekòl, nan pak, nan sant kominotè ak nan lye rekreyasyon. Atravè plizyè evènman, atelye fòmasyon ak seminè enfòmasyon, piblikasyon ak baz done enfòmasyon, Arts Education ap chèche asire-li ke tout rezidan Konte Broward-la gen aksè fasil ak pwogramasyon atistik-yo. 

Se Arts Education ki bay pri prestijye Arts Teacher of the Year-la [Pwofesè La Ane-a] ak seremoni gala-a, ki onore chak ane pwofesè yon lekòl piblik Konte Broward ki fè kou sou la pou elèv-yo ak ekselans. Pwogram-nan ap selebre ventan-li an 2005.

Plis pase 200 pwofesè ak atis te asiste yon Dance and Drama Education Conference [Konferans sou Edikasyon sou Dans ak Teyat] ki te dewoule pandan premye semèn ane eskolè 2005-la. Konferans-la, ki te dire tout jounen-an, te konsantre sou kijan pou yo entegre talan ak teknik pou dans ak teyat nan matyè edikatif prensipal atravè pwogram atistik plen enèji ak entèraksyon.  Yon pwogram menm jan-an sou kilti nan lemonn ap fèt pandan ane eskolè 2006-la.

Bay Konte-a Sèvis ak Lonè
Americans for the Arts, an koperasyon ak National Association of Counties (NACo) [Asosyasyon Nasyonal Konte-yo]  bay  Broward County Board of County Commissioners [Manm Komisyon Konte Broward-la], Pri Nasyonal  2004-la pou Lidèchip nan La Konte-yo. Lè li t’ap anonse pri sa-a, Robert Lynch, direktè jeneral Americans for the Arts, te note ke “travay Komisyon Konte-a fè pou la ede Konte Broward-la vin yon lidè nasyonal nan pwomosyon pwogram solid pou la ak kilti”.
Se yon sèl Konte yo eli chak ane pou pri prestijye sa-a.

Divizyon Kiltirèl-la resevwa Pri Addy an 2004 ak an 2005 nan men Advertising Federation of Greater Fort Lauderdale [Federasyon Piblisite Fort-Lauderdale]: Yon Addy Annò pou magazin Cultural Quarterly-a ak yon Addy Annajan pou postè Get Going! Florida Arts License Plate [Plak Machin Atistik Laflorid-la] an 2004 epi yon Addy Annajan an 2005 pou kat makpaj ki komemore enstalasyon travay atistik Atis Piblik ki rele Lisa Houck-la nan Bibliyotèk Konte Broward-yo.

Rezidans pou Atis-yo

ArtSpace Projects, Inc., yon pwomotè imobilye pou la ki baze Minneapolis, ki pa gen bi pou li fè lajan, ap travay ak Konte Broward-la pou devlope espas pou atis-yo rete/travay. Se sit West Side School-la nan Sailboat Bend k’ap premye-a, epi l’ap gen de konpozan: reyitilizasyon adapte West Side School istorik-la kòm nouvo fwaye Broward County Historical Commission [Komisyon Istorik Konte Broward-la], ak konstriksyon yon nouvo bilding ki pwal ofri yon espas pou 37 atis ak tout fanmi-yo kapab rete/travay. Y’ap travay tou sou yon plan pou yon sit nan Hollywood kote atis-yo ap jwenn espas pou yo rete/travay.

 

ArtsParks
Safe Parks and Land Preservation Bond [Kontra pou Pak Sekiritè ak Prezèvasyon Teren] ane 2000-la te enkli yon bidjè $5 milyon pou bati yon sant kiltirèl ak yon pak. Nan yon pwosesis konpetitif, yo te bay Vil Hollywood-la finansman ArtsPark-la pou transfòme Pak Young Circle-la. Vil-la te bay $5 milyon dola tou, ak yon montan anplis ki vin ajoute sou $5 milyon ki te la deja-yo.

 

Lòt aplikan-yo te tèlman enpresyone Board of County Commissioners-la ke kounyeya Bond-nan bay fon anplis ki pèmèt vil Pembroke Pines ak Miramar gen pwòp ArtsPark-yo.  Anplis de sa, yo pwal bati yon ArtsPark (ansanm ak yon nouvo bibliyotèk) nan nouvo Central Broward Regional Park-la [Pak Rejyonal Sant Broward], ki mezire 115 ak, epi ki sitiye nan vil Lauderhill-la.

 

Premye envestisman konte-a, ki te $5 milyon, vin jenere yon total ki depase $63 milyon nan finansman pou ArtsParks.

 

Deklarasyon Vizyon-nou

Kreye yon rezo aktivite kiltirèl alapaj, aksesib nan tout Konte Broward-la, ke sant yon gran distrik kiltirèl ki gen pou wè ak plezi kiltirèl rejyonal, ap prezante.

 

Pwomouvwa patisipasyon rezidan-yo atravè alyans ant sektè la ak kilti, edikasyon ak sèvis sosyal; atire rezidan menm jan ak vizitè avèk peyizaj dinamik aktivite atistik ak kiltirèl.

 

Board of County Commissioners

Community Services Department

Cultural Division

100 South Andrews Avenue

Fort Lauderdale, FL 33301

954-357-7457 • FAKS 954-357-5769

Liy pou La 24/24 - 1-800-249-ARTS

www.broward.org/arts

 

 
   

Broward County Board of Commissioners
Community Services Department

Cultural Division
100 S. Andrews Ave
Fort Lauderdale, FL  33301
Phone: 954-357-7457 Fax: 954-357-5769

Arts & Entertainment Hotline (Broward) : 1-800-249-ARTS
Contact Cultural Division