Broward County - Hurricane Preparedness
Hurricane Preparedness
Hurricane Preparedness Banner
Hurricane Preparedness Banner

Ki sa pou achte met la nan periòd siklòn nan

[Ki Jan Pou Itilize Gid Sa-a Pou Ka Achte] [10 Fason Pou Ka Realize on Bon Plan Pou Periòd Siklòn-nan] [Kalite mange pou achte met la] [Pwodi pou premie swen Men ki sa ou dwe genyen pou premie swen] [Preparasyon pou bèt-ou]

Ki Jan Pou Itilize Gid Sa-a Pou Ka Achte

Pandan sezon siklòn nan ap vini an (1e jen – 30 novam), nou rekòmande tout moun pou planifie ak fanmi-ou epi pou kòmanse mete sou kote sa ke wap ka beswen pandan e apre move tan-an. Etap pweparasyon sa yo se yon moyen kle pou ka konbat siklòn, ou ninpòt ki lòt dezas ak tampèt. Gid pou yut-semènn sou ki sa pou achte met la sa-a pale sou ekzakteman ki pipiti bagay ke wap ka beswen pou ka reziste pandan 3-5 jou pou ou ak fanmi ou apre on move tanpèt ki ka kite ou san kouran elektrik ak san dlo pou bwè. Lè wal fè makèt achte 2-3 bagy anplis ke wap ka beswen pou sere met la pou lèt gen siklòn, se moyen ki pi fasil pou rasamble sa wap beswen yo san ke li pa fè on trò gro trou nan poch ou. Nan gid sa-a gen tout enfòmasyon sou ki sa pou perpare met la pou ti moun ak vie granmoun epi pou bèt. Gen on “Ki jan” gid, pou ka planifie ak fanmi-ou e achte met la pwodi pou premye sewn. Pou ka bien compran-n tout sa pou fè pou ka prepare periòd siklòn nan, ali sou entènèt la nan www.broward.org/hurricane. Pou periòd Siklòn sa, an nou tout Prepare – Vijilan – Veye Danje.

arrow

10 Fason Pou Ka Realize on Bon Plan Pou Periòd Siklòn-nan

Fè on reunion ak tout moun kinan fanmi-ou pou diskite sou zafè danje ki genyen lè gen siklòn.

Chache konnen si wi ou non nan zòn ou rete-a, si se on zòn ke yo ka mande ou pou kite, si se sa, ki kote ou prale si yo ta mande ou pou kite zòn nan.
Fè yon lis de tout sa ke ou posede nan kay la, epi cheke ki sa kompayi asirans ou di pou on sitiasyon konsa.
Fè on estimasyon pou chak kote nan kay-la ki taka gen domaj tankou: do kay-la, fenèt yo, pòt garaj-la, pie bwa ak flè yo, ak lot bagay.
Deside ki kote wap ka sere otomobil ou, bato ou, oswa lot bagay ki gen ampil valè ke ou posede.
Deside ki jan ke ou pwal fè pou pwoteje kay ou ak sa ke ou posede e kija wap òganize kote ou rete-a apre siklòn nan.
Pou moun lakay ou ki granmoun anpil osinon kap bezwen moun pou ede yo, deside davans kijan wap fè avèk yo.
Konnen byen kijan ou pral fè avek bèt ou genyen tankou chen, chat. Pa bliye gro bèt yo tou tankou chwal ak bèf.
Gade byen ki kantite dlo, manje, medikaman fanmi ou ap bezwen pou prepare paket ou pou siklòn nan.
Pale lòt moun de sa ou pare pou fè lè siklòn nan, tankou fanmi ou, zanmi ou, vwazinaj. Kalkile ki lòt kote ou gen moun ou ka al jwen si wap gen pou kite zòn wap viv la.

arrow

Premie Semènn
Episri:

On galon dlo pou chak moun

On gwo bocal manba
On pakè vian
On mamit soup tou pare pou manje
On bwat alimèt nan yon bwat pouli pa mouye
On pakè legim

On pakè asièt an katon

Lòt machandiz:

On flach ak batri

Pwela an plastik pou kouvri tèt kay ou

Zouti ak kanif
arrow
Dezyèm Semènn
Episri:

On pakè legim

On pakè fwi
Manje nan bwat tout pare
On boutèy dezenfektant ki gen klorin
On boutèy ak kon gout
On pakè goblè an katon

On pakè vian

Lòt machandiz:

On sachèt chabon, gaz pwopane pou recho

Zouti a men
Linèt an plastik pou pwoteje je-ou
arrow
Twazyèm Semènn
Episri:

On galon dlo pou chak moun

On bokal jele osinon on sachèt janbom
On pakè vian
On mamit soup tou pare pou manje
On pakè fwi
On zouti pou ouvri bwat fèblan a la men

One pakè papie pou ka siye men (napkins)

Lòt machandiz:

On ti radio am/fm ki mache ak pil osinon ak manivèl

Rach oubyen mato
Roulo tep an plastik
arrow
Katryèm Semènn
Episri:

On sachèt pen

On roulo sevièt an papie
On pakè legim
On roulo plastik pou vlope
On pakè vian
Pwodi ki gen lèt

On boutèy pou dezenfekte men

Lòt machandiz:

On flach ak batri

Gan an plastik pou gro travay
Bwat pou kafè on premie pansman
arrow
Senkyèm Semènn
Episri:

On pakè vian

On mamit soup tou pare pou manje
On pakè fwi
On gro bwat sachè an plastik ak tout zip
On pakè legim
On sachèt pen
Lòt machandiz:

Batri an rezèv pou radio

Bwat pou kafè on premie pansman
Ekstengtè pou touye dife
arrow
Sizyèm Semènn
Episri:

On galon dlo pou chak moun

On sachèt pen
On bwat papie dezenfektan
On roulo bwat papie an aliminiòm
On pakè roulo papie ijenik
On pakè vian
Lòt machandiz:

Bwat ak pliziè clou

On flach ak batri
Telefòne ki mache san kouran (ki pa san còd)
arrow
Setyèm Semènn
Episri:

On pakè vian

On mamit soup tou pare pou manje
On bwat sereal
Pwodi ki gen lèt
Pwodi tankou pat ak savon

On pakè legim

Lòt machandiz:

Batri an rezèv pou flach

Mato
Bwat pou kafè on premie pansman
arrow
Yutyèm Semènn
Episri:

On galon dlo pou chak moun

On pakè legim
On pakè vian
On bwat sachè plastic bien solid pou fatra
On pakè fouchèt, kiyè ak kouto an plastik
On roulo sèvièt an papie
Lòt machandiz:

Flach ak batri

On bwat an plastik ki bien fèmen pou pwotege papie empòtan, medikaman ak pwodi pou premie swen.

arrow

Kalite mange pou achte met la
Pliziè kalite pen bisuit sèk, pen sèk an baton, pen tranche tout griye, pèpèt may, sereal, pen a lo, (kenbe yo nan frizè pou lè wap bezwen)

Pliziè kalite vian Ti bwat touna, poul/koden, vian, soup ak pwa osinon vian, sadin, ti pwa, chili ak vian ou pwa, spageti, janbon/ cochon, soup nan bwat, ti sosis nan bwat, manba ak nwa

Pliziè kalite lèt Lèt nan galon (kenbe-l fre apre ou louvril), lèt an poud (wap beswen plis dlo), ti bwat poudin (ki ka konsève san li pa ale nan frizè), ji ki gen vitamin

Pliziè kalite legim Ti bwat legim, tout kalite soup

Pliziè kalite fri Ti bwat fri, ji pòm, fri sèk (rezen, zannana, zabriko, etc.) ak ji konsantre 100%

Manje pou kenbe grangou Ti amizman pou pase nan bouch tankou pistach, tablèt, bonbon sikre, sirèt, piwouli, kafe tou pare, sachè te

Pwodi pou bebe ak ti moun Pa bliye mete kont manje, lèt pou mete nan dlo, ji, kouchèt, twal mouye an papye. Si ou gen lentansyon ale nan yon kay Lakwa Rouj pou pare siklòn nan, pote tout zafe tibebe ansanm avek chèz pou pouse li, ti bèso ou kapab pote osinon pak ou konn mete li jwe.

Pwodi pou granmoun Pou granmoun yo, nou dwe pote dlo ak manje ki bon pou yo si yo fè tansyon, diabèt osinon kolesterol tankou ji ki pa gen sik, manje nan bwat ki san sel, ki san grès. Pa bliye pote medikaman ke yo dwe pran chak jou pou on valè 2 semènn.
Atansyon: Anvan nou achte manje ki pou fèt rapid yo, gade byen si nou gen ase dlo ak ki kote wap kapab kwit manje-a. Ti recho yon plas oswa de plas osinon kasrol ki gen ti recho anbali kapab sèvi. Nou kapab achte chabon ki tou pare pou sèvi sou griy babeki. Pa janm sèvi avek recho, chodiè, griy babeki ni andedan kay la, ni nan garaj la. Toujou kwit manje nan lakou.

arrow

Pwodi pou premie swen Men ki sa ou dwe genyen pou premie swen:
Pansman adezif tout grosè
Twal gaz pwop 2 pous (4-6)

Twal gaz pwop 4 pous (4-6)

Bandaj adezif ki pap fè alèji ak po-ou

Twal gaz pou bandaj (3)

Roulo bandaj 2 pous (3 roulo)

Roulo bandaj 3 pous (3 roulo)

Sizo

Pins medikal
Zeguy
Pakè sèvyèt mouye ak tout savon
Likid pou tiye micròb
Tèmomèt pou kontrole lafièv
Ti tib pomad vazlin
Zepeng tout grosè
Savon likid ak dezenfektan
Gan an plastik (2 pè)
Krèm pou pwotege po-ou kont solèy

arrow

Preparasyon pou bèt-ou
On kaj ki ase gro pou bèt la ka kampe e menm ka jwe
Manje pou 2 semènn

Dlo

Bwat pou chat ka fè beswen li

Jwèt ak kouvèti pou kouvri bèt la

Ti maje pou kenbe bèt la kontan

Kenbe foto bèt la avek ou (pou ka montre ke ou se mèt bèt la)

Sètifika vaksen pou raj ak lisans bèt la

Pwodi pou kenbe bèt la pwòp (papie jounal, sachè plastik tout zip, sèvièt an papie, desenfektan)

arrow

8 Semènn Sa Pou Gen la Nan Siklòn Tande: Pou fanmy ki gen 4 moun ou plis. Ajoute bagay anplis a pati de konbien moun ki rete nan kay la.

Ready. Set. Safe.