Ki sa k pa sa nan foto sa a?
-- pdf version in English, Spanish & Creole
HKonbe fwa w ap kondi epi se dèyè yon machin k ap bay lafimen ou ye? Ou monte vit machin ou, ou fèmen kote van antre nan machin nan, malgre sa ou pran odè lafimen an! Pou amelyore sitiyasyon sa a, biwo ki okipe zafè kalite lè moun ap respire a ”Broward County Department of Planning and Environmental Protection’s Air Quality Division” kreye yon pwogram pou machin k ap bay lafimen. Se yon pwogram kote nenpòt moun kapab rele pou fè konnen yo wè yon machin k ap bay lafimen. Youn nan rezon ki fè nou gen pwogram sa a se pou mete tout moun okouran sou sa lafimen k ap soti nan machin ka lakòz epi kouman nou kapab ede rezoud pwoblèm sa a.
Èske ou okouran sou enfòmasyon sa yo. . .
|
Nan Broward County 50% nan polisyon ki ale nan lè n ap respire a, se machin ak kamyon ki bay yo. |
|
Gen apeprè 1.8 milya machin, kamyon, otobis ak lòt otomobil ki anrejistre nan Broward County. Sa vle di gen plis pase yon machin pou chak moun ki abite nan Broward. |
|
Yon machin nòmal pwodui plis pase 600 liv lè ki polye pa ane. |
|
Se dis pou san (10%) nan machin yo ki lakòz 50% nan polisyon an. |
Machin ki bay lafimen pa bon pou sante nou:
Se yon pakèt ti moso fatra tou piti ki nan lafimen ki soti nan mòflè machin nan, ti moso fatra sa yo kab al chita nan poumon ou. Dapre rechèch yo fèk fè, yo dekouvri ti moso fatra tou piti sa yo anfizema ki lakòz maladi moun pran nan sistèm respirasyon yo, maladi tankou opresyon ak anfesima. Gen kèk fatra ki soti nan lafimen machin yo konnen oubyen yo sispèk ki kapab lakòz moun gen kansè tou.
Li ilegal pou moun kondi machin k ap bay lafimen epi sa ka koute lajan?
Yon moun ki gen yon machin k ap bay lafimen kab pran kontravansyon nan men yon Ofisye ki travay nan sant resous natirèl ki nan depatman planifikasyon ak pwoteksyon anviwonman nan Broward County. Si mèt machin nan pa ranje pwoblèm lafimen an nan 30 jou, li ka oblije peye amann ki ka rive jis ka $200. Nenpòt polisye nan Eta Florid la kapab bay nenpòt moun k ap kondi yon machin k ap bay lafimen kontravansyon.
Yon machin k ap bay lafimen se lajan nan pòch ou l ap boule! Yon machin k ap bay lafimen ap boule plis gazolin ak luil epi plis ou kondi l kon sa san ou pa repare l, se motè machin nan k ap kraze. Sa vle di w ap depanse plis lajan nan reparasyon pi devan.
Telefone nimewo sa-a, si nou wè yon machin k ap bay anpil lafimen!
954-519-1499